U.S. flag An official website of the United States government.
Official websites use .gov

A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS

A lock ( ) or https:// means you've safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

i
i
Up-to-Date Info : To find the latest CDC information on this topic go to:

Enstalasyon Fabrikasyon yo: estrateji Kle pou Anpeche Enfeksyon COVID-19 nan mitan Anplwaye yo

Multi-Language Public Domain
File Language:


Details

  • Alternative Title:
    Manufacturing facilities : key strategies to prevent COVID-19 Infection among employees Haitian Creole
  • Journal Article:
    Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay
  • Corporate Authors:
  • Description:
    Patwon yo dwe evalye espas travay yo pou faktè ki ta ka ogmante risk pou pwopagasyon COVID-19. Itilize yon melanj rekòmandasyon sou prevansyon ki annapre la yo pou elabore yon plan pou sante ak sekirite. Kominike souvan avèk otorite sante piblik yo onivo Eta ak/oswa onivo lokal ansanm ak pwofesyonèl sekirite ak sante nan travay yo pou jwenn enfòmasyon aplikab ak ajou konsènan COVID-19. Kenbe anplwaye yo omwen 6 pye distans youn ak lòt otank posib. Itilize baryè fizik, diminye kantite anplwaye, oswa modifye pòs travay yo, pwosedi travay yo, oswa èdtan ak peryòd travay yo pou ogmante distans ant anplwaye yo. Ajoute estasyon pou ponnche antre/sòti, espase chèz yo nan chanm pou pran brek yo, epi ajoute tant deyò pou brek yo. Ogmante chak kilè netwayaj ak dezenfeksyon fèt nan espas pataje yo. Netwaye ak dezenfekte zouti oswa lòt ekipman yo omwen menm kantite fwa anplwaye yo chanje pòs travay. Dezenfekte sifas moun manyen souvan yo nan espas travay yo ak nan chanm pou pran brek yo nan fen chak peryòd travay. Netwaye ak dezenfekte otobis oswa kamyonèt lanavèt yo si yo itilize yo. Evalye anplwaye yo pou sentòm COVID-19 yo ka gen anvan yo antre nan espas travay la. Konsilte otorite sante yo onivo Eta ak lokal, ansanm pwofesyonèl medsin travay yo konsènan pwosedi depistaj yo. Voye anplwaye ki gen sentòm yo lakay yo touswit, ankouraje yo pou yo izole tèt yo lakay yo, epi bay enfòmasyon konsènan kilè yo kapab retounen nan travay. Ankouraje bon ijyèn men. Bay aksè nan dlo k ap koule, savon, sèvyèt an papye, ak poubèl (poubèl ou pa oblije manyen si gen disponib). Fè anplwaye yo lave men yo pandan omwen 20 segonn. Ogmante kantite estasyon dezenfektan pou men yo (san manyen si sa posib). Bay dezenfektan pou men abaz alkòl ki gen omwen 60% alkòl ladan. Edike epi fòme anplwaye yo sou COVID-19 ak fason pou pwoteje tèt yo ak pwoteje lòt moun lakay yo ak nan travay la. Pale sou sijè tankou rete lakay ou lè ou malad, distans sosyal, fason pou mete pwoteksyon figi an twal yo, ak bon ijyèn men. Bay dokiman nan yon fòma ki fasil pou konprann ak nan lang ki apwopriye yo. CDC gen afich disponib pou telechaje. Ankouraje anplwaye ki malad yo rete lakay yo (sa gen ladan anplwaye ki gen tès pozitif men ki pa gen sentòm). Devlope règleman ki ankouraje anplwaye ki malad yo rete lakay yo san krent pou pinisyon ni pèt prim yo, epi asire ke anplwaye yo okouran règleman sa yo. Kolabore avèk pwofesyonèl medsin travay yo pou devlope règleman pou travayè ki ka gen plis risk anrapò ak COVID-19. Ankouraje anplwaye yo pratike distans sosyal (rete omwen 6 pye lwen lòt moun). Espase tan brek yo ak peryòd travay yo. Mete rapèl kote anplwaye yo ta ka rasanble, tankou zòn travay, zòn brek, vestyè kazye, koulwa oswa koridò yo, ak zòn antre ak sòti yo. Ankouraje anplwaye yo pou yo evite woulib machin ale retou nan travay, si sa posib. Bay pwoteksyon figi an twal ak ekran pou figi. Asire yo mete pwoteksyon figi yo kòrèkteman (byen ajiste sou nen ak bouch). Bay pwoteksyon ki ka lave ki gen plizyè kouch twal. Ranplase yo lè yo mouye, sal, oswa kontamine. Netwaye ekran pou figi yo apre chak peryòd travay si yo itilize yo. Asire kouvèti pou figi yo depase manton epi yo vlope toutotou bò figi yo. Bay ekipman pwoteksyon pèsonèl (Personal Protective Equipment, PPE) ki nesesè pou devwa travay yo. Pa ranplase avèk pwoteksyon figi PPE ki rekòmande oswa ki obligatwa yo tankou respiratè oswa mask medikal yo. Asire yo itilize PPE yo kòrèkteman. Fòme anplwaye yo sou fason pou mete ak wete PPE yo san yo pa kontamine tèt yo. Kreye yon plan pou fonksyone anka ijans. Prepare pou ogmantasyon absans. Planifye fason pou kontinye fonksyon esansyèl biznis ou avèk yon diminisyon mendèv. Fòme travayè yo nan plizyè domèn pou akonpli devwa enpòtan anpil yo. Fèy enfòmasyon sa a disponib nan Angle, Amharic, Arab, Burmese, Chinwa, Franse, Ayisyen-kreyòl, Karen, Koreyen, Nepali, Panyòl, Somali, Tigrinya, ak Vyetnamyen. Description provided by NIOSH
  • Subjects:
  • Keywords:
  • Source:
    Atlanta, GA: Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini, Sèvis Sante Piblik, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay, 2020 Jen; :1
  • Document Type:
  • Genre:
  • Place as Subject:
  • CIO:
  • Division:
  • Topic:
  • Location:
  • Pages in Document:
    1 pdf page
  • NIOSHTIC Number:
    nn:20060964
  • Federal Fiscal Year:
    2020
  • Peer Reviewed:
    False
  • Download URL:
  • File Type:
    Filetype[PDF - 459.27 KB]
  • Collection(s):
  • Main Document Checksum:
    urn:sha-512:6d36ad423be17a30b8efe2f23a22d1b099ec596870ab2cf10dd8c2391546295690f39c08d71da60943aed8069aba3c7c4d3d077f4c4dfabede3330c3290f2c89
File Language:
ON THIS PAGE
 Was this page helpful?
 Found an issue?
Send us an email at:
CDC STACKS serves as an archival repository of CDC-published products including scientific findings, journal articles, guidelines, recommendations, or other public health information authored or co-authored by CDC or funded partners.

As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.