Anplwaye fabrikasyon yo: Bagay ou ka fè andedan ak andeyò travay pou pwoteje tèt ou ak pou pwoteje kòlèg travay ou kont COVID-19
Public Domain
-
2020/06/29
File Language:
Spanish
Details
-
Corporate Authors:
-
Description:RETE LAKAY OU si ou malad. Sentòm pou ou siveye yo: Tous; Souf kout oswa difikilte pou respire; Lafyèv; Frison; Doulè nan misk; Malgòj; Vin pa ka pran gou oswa pran sant. Evite kontak avèk lòt moun pandan ou malad. Rete nan yon chanm byen presi lakay ou epi lwen lòt moun otank posib. Pale avèk yon doktè ak sipèvizè w konsènan lè ou kapab retounen travay. Rete omwen 6 pye distans (apeprè 2 longè bra yon adilt) ak lòt moun nan travay an nan kominote ou otank posib. Rete omwen 6 pye distans pandan konvèsasyon, nan vestyè yo, nan koulwa oswa nan koridò yo, ak lè w ap antre oswa kite espas travay ou. Pa pataje bwason oswa manje avèk kòlèg travay yo. Zouti yo dwe netwaye ak dezenfekte regilyèman, sitou lè ou chanje pòs travay oswa deplase al nan yon nouvo seri zouti. Pa fè aranjman yon sèl vwati, si sa posib. Mete yon pwoteksyon figi an twal sou bouch ak sou nen ou pandan ou nan espas travay la ak an piblik. Ajiste pwoteksyon ou an yon fason ki sere, men ki byen alèz, sou kote figi ou. Lè w ap retire pwoteksyon figi ou an, eseye pou pa touche zye, nen, oswa bouch ou, epi apre sa lave men w touswit. Lave oswa ranplase pwoteksyon figi an aprè ou fin itilize l. Ranplase pwoteksyon figi an lè li mouye oswa sal. Kontinye mete ekipman pwoteksyon pèsonèl (Personal Protective Equipment, PPE) ki obligatwa pou djòb nòmal travay ou. Pa touche zye, nen, oswa bouch ou: Ak men ki pa lavel Pandan ou mete ganl Pandan w ap regle oswa retire pwoteksyon figi oswa linèt sekirite ou yo. Lave men ou avèk savon ak dlo pandan omwen 20 segonn oswa sèvi avèk yon dezenfektan pou men abaz alkòl ki gen omwen 60% alkòl ladan: Avan ak aprè peryòd travay oswa poz yo; Aprè ou fin mouche nen w, touse, oswa etènye; Apre itilizasyon twalèt; Anvan ou manje; Anvan ak aprè preparasyon manje; Aprè ou fin mete, touche, oswa retire pwoteksyon figi an twal yo. Kouvri tous ak etènye ou. Kouvri bouch ou ak nen ou avèk yon klinèks oswa itilize andedan koud bra ou si ou pa gen klinèks. Jete klinèks ize yo nan fatra. Touswit lave men w oswa itilize dezenfektan pou men ki gen ladan omwen 60% alkòl aprè ou fin etènye oswa touse. Fèy enfòmasyon sa a disponib nan Angle, Amharic, Arab, Burmese, Chinwa, Franse, Ayisyen-kreyòl, Karen, Koreyen, Nepali, Panyòl, Somali, Tigrinya, ak Vyetnamyen. [Description provided by NIOSH]
-
Subjects:
-
Keywords:
-
Publisher:
-
Document Type:
-
Genre:
-
Place as Subject:
-
CIO:
-
Division:
-
Topic:
-
Location:
-
Pages in Document:1-2
-
NIOSHTIC Number:nn:20060954
-
Citation:Atlanta, GA: Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini, Sèvis Sante Piblik, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay, 2020 Jen; :1-2
-
Federal Fiscal Year:2020
-
Peer Reviewed:False
-
Source Full Name:Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay
-
Collection(s):
-
Main Document Checksum:urn:sha-512:f4c329dd0381c9d9079fbe879dd0a3a6ddd47d8e8d3f2419bfd254a77e047682b9a656d9e4f957919da2ae3dad6c81c3ca1f9cd952f9e13f7ec48a42b945153c
-
Download URL:
-
File Type:
File Language:
Spanish
ON THIS PAGE
CDC STACKS serves as an archival repository of CDC-published products including
scientific findings,
journal articles, guidelines, recommendations, or other public health information authored or
co-authored by CDC or funded partners.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
You May Also Like