Anplwaye Transfòmasyon Vyann ak Volay yo : bagay ou ka fè nan travay ak lakay ou pou pwoteje kont COVID-19
Multi-Language
Public Domain
-
2020/05/15
File Language:
Details
-
Alternative Title:Meat and Poultry Processing Employees: Things You Can Do at Work and at Home to Protect from COVID-19 [Haitian Creole]
-
Journal Article:Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay
-
Corporate Authors:
-
Description:RETE LAKAY OU si ou malad. Rete nan yon sèl pyès epi lwen lòt moun nan kay ou tout kantite tan ou kapab. Pale avèk yon doktè ak sipèvizè w konsènan lè ou kapab retounen travay. Sentòm pou ou siveye yo: Lafyèv; Tous; Souf kout oswa difikilte pou respire; Frison; Doulè nan misk; Vin pa ka pran gou oswa pran sant; Malgòj. Eseye kenbe 6 pye lwen lòt moun nan travay ak an piblik. Evite rete pre lòt moun nan vestyè kazye yo, zòn poz, koulwa, ak nan antre ak sòti yo. Rete lwen lòt moun lè w ap pale. Pa pataje bwason oswa manje avèk kòlèg travay yo. Mete yon pwoteksyon figi an twal sou bouch ak sou nen ou pandan ou nan espas travay la oswa an piblik. Mete pwoteksyon ou an yon fason ki sere, men ki konfòtab, sou kote figi ou. Lè w ap retire pwoteksyon ou an, eseye pou pa touche zye, nen, oswa bouch ou, epi apre sa lave men w touswit. Lave oswa ranplase pwoteksyon figi an aprè ou fin itilize l. Ranplase pwoteksyon figi an lè li mouye oswa sal. Eseye kenbe 6 pye lwen lòt moun menm si ou mete yon pwoteksyon figi an twal. Kontinye mete ekipman pwoteksyon pèsonèl (Personal Protective Equipment, PPE) ki egzijib pou travay nòmal ou. Pa touche zye, nen, oswa bouch ou: Ak men ki pa lave; Pandan ou mete gan; Pandan w ap regle oswa retire pwoteksyon figi oswa linèt sekirite ou yo. Lave men ou avèk savon ak dlo pandan omwen 20 segonn oswa sèvi avèk yon dezenfektan pou men abaz alkòl ki gen omwen 60% alkòl ladan: Avan ak aprè peryòd travay oswa poz yo; Aprè ou fin mouche nen w, touse, oswa etènye; Apre itilizasyon twalèt; Anvan ou manje; Anvan ak aprè preparasyon manje; Aprè ou fin mete, touche, oswa retire pwoteksyon figi an twal yo. Kouvri tous ak etènye ou. Kouvri bouch ou ak nen ou avèk yon klinèks oswa andedan koudbra ou. Jete klinèks ize yo nan fatra. Lave men w oswa itilize dezenfektan pou men touswit aprè ou fin etènye oswa touse. Fèy enfòmasyon sa a disponib nan Angle, Amharic, Arab, Burmese, Chinwa, Franse, Ayisyen-kreyòl, Karen, Koreyen, Nepali, Pòtigè, Panyòl, Somali, Tigrinya, ak Vyetnamyen. [Description provided by NIOSH]
-
Subjects:
-
Keywords:
-
Source:Atlanta, GA: Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini, Sèvis Sante Piblik, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay, 2020 Jen; :1-2
-
Publisher:
-
Document Type:
-
Genre:
-
Place as Subject:
-
CIO:
-
Division:
-
Topic:
-
Location:
-
Pages in Document:2 pdf pages
-
NIOSHTIC Number:nn:20060947
-
Federal Fiscal Year:2020
-
Peer Reviewed:False
-
Collection(s):
-
Main Document Checksum:urn:sha-512:0345956a4569f338be70189b098ce21d3a3a49f449ae05b6d578cf11062fe20ae06b518fe309fe30ab94f1731dfc4ad36542692221dbd5609f7eda1156340681
-
Download URL:
-
File Type:
File Language:
ON THIS PAGE
CDC STACKS serves as an archival repository of CDC-published products including
scientific findings,
journal articles, guidelines, recommendations, or other public health information authored or
co-authored by CDC or funded partners.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
You May Also Like