U.S. flag An official website of the United States government.
Official websites use .gov

A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS

A lock ( ) or https:// means you've safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

i

Enstalasyon transfòmasyon vyann ak volay yo: Estrateji kle pou anpeche enfeksyon COVID-19 nan mitan anplwaye yo

Public Domain
File Language:
HaitianCreole


Details

  • Corporate Authors:
  • Description:
    Patwon yo dwe evalye espas travay yo pou faktè ki ta ka ogmante risk pou pwopagasyon COVID-19. Itilize konsèy sou prevansyon ki annapre la yo pou elabore yon plan pou sante ak sekirite. Kominike souvan avèk otorite sante piblik yo onivo Eta ak/oswa onivo lokal ansanm ak pwofesyonèl sekirite ak sante nan travay yo pou jwenn enfòmasyon aplikab ak ajou konsènan COVID-19 nan zòn ou an. Kenbe anplwaye yo omwen 6 pye distans youn ak lòt otank posib (ankouraje distans sosyal). Itilize baryè oswa klwazon fizik, diminye kantite anplwaye, oswa modifye pòs travay yo oswa pwosedi travay yo pou ogmante distans ant anplwaye yo. Ajoute estasyon pou ponntche antre/sòti, espase chèz yo nan chanm pou pran brek yo, epi ajoute tant deyò pou brek yo. Ogmante chak kilè netwayaj ak dezenfeksyon fèt epi asire gen bon sikilasyon lè nan espas pataje yo. Netwaye ak dezenfekte zouti oswa lòt ekipman yo omwen menm kantite fwa anplwaye yo chanje pòs travay. Dezenfekte sifas moun manyen souvan yo nan espas travay yo, nan chanm pou pran brek yo, ak nan otobis oswa kamyonèt lanavèt si yo itilize yo, nan fen chak peryòd travay oswa pi souvan. Reyoryante oswa retire vantilatè yo pou anpeche lè vante dirèkteman sot sou yon travayè pou ale sou yon lòt. Si yo retire vantilatè yo, patwon yo dwe pran dispozisyon pou anpeche danje chalè. Edike epi fòme anplwaye yo ak sipèvizè yo sou fason yo kapab diminye pwopagasyon COVID-19. Kouvri sijè tankou rete lakay ou lè ou malad, distans sosyal, fason pou mete pwoteksyon figi an twal yo, ak bon ijyèn men. Bay dokiman nan yon fòma ki fasil pou konprann ak nan lang ki apwopriye yo. CDC gen afich disponib pou telechaje. Evalye anplwaye yo pou sentòm COVID-19 yo ka gen anvan yo antre nan espas travay la. Konsilte otorite sante yo onivo Eta ak lokal, ansanm pwofesyonèl medsin travay yo konsènan pwosedi depistaj yo. Voye anplwaye ki gen sentòm yo lakay yo touswit, ankouraje yo pou yo izole tèt yo lakay yo (si sa posib), ak pou yo kontakte yon founisè swen sante. Bay enfòmasyon konsènan kilè yo kapab retounen nan travay. Ankouraje bon ijyèn men. Bay aksè nan dlo k ap koule, savon, sèvyèt an papye, ak poubèl (poubèl ou pa oblije manyen si gen disponib). Fè anplwaye yo lave men yo pandan omwen 20 segonn. Mete estasyon pou lavaj men oswa dezenfektan pou men nan plizyè kote. Bay dezenfektan pou men abaz alkòl ki gen omwen 60% alkòl ladan. Ankouraje anplwaye ki malad yo rete lakay yo. Elabore règleman ki pèmèt anplwaye ki malad yo rete lakay yo san krent pou pèdi prim yo. Asire anplwaye yo okouran règleman sa yo epi yo konprann yo. Kolabore avèk pwofesyonèl medsin travay yo pou elabore règleman pou travayè ki ka gen plis risk anrapò ak COVID-19. Ankouraje anplwaye yo pou yo pratike distans sosyal. Espase tan brek yo ak lè pou rive ak pati. Mete rapèl vizyèl (mak ak siy sou planche yo) kote anplwaye yo ta ka rasanble, tankou zòn travay, zòn brek, vestyè kazye, koulwa oswa koridò yo, ak zòn antre ak sòti yo. Ankouraje anplwaye yo pou yo evite woulib machin ale retou nan travay. Si li nesesè pou pran woulib, limite kantite moun pou chak veyikil otank posib. Sa ka mande pou itilize plis veyikil. Ankouraje anplwaye ki nan yon kamyonèt oswa espas vwati pataje pou yo mete pwoteksyon figi an twal. Anvizaje bay pwoteksyon figi an twal ak/oswa ekran pou figi. Asire ke yo mete pwoteksyon figi yo kòrèkteman (byen ajiste sou nen ak bouch). Bay pwoteksyon ki ka lave ki gen plizyè kouch twal. Ranplase yo lè yo mouye, sal, oswa kontamine. Pwoteksyon figi yo pa yon ranplasman pou PPE ki rekòmande oswa ki egzijib yo tankou respiratè oswa mask medikal yo. Fòme anplwaye yo sou fason pou mete ak wete PPE yo san yo pa kontamine tèt yo. Netwaye ak dezenfekte ekran pou figi yo apre chak peryòd travay si yo itilize yo. Asire ekran pou figi yo depase manton epi yo vlope toutotou bò figi yo. Edike epi fòme anplwaye yo ak sipèvizè yo sou fason yo kapab diminye pwopagasyon COVID-19. Kouvri sijè tankou rete lakay ou lè ou malad, distans sosyal, fason pou mete pwoteksyon figi an twal yo, ak bon ijyèn men. Bay dokiman nan yon fòma ki fasil pou konprann ak nan lang ki apwopriye yo. CDC gen afich disponib pou telechaje. Fèy enfòmasyon sa a disponib nan Angle, Amharic, Arab, Burmese, Chinwa, Franse, Ayisyen-kreyòl, Karen, Koreyen, Nepali, Pòtigè, Panyòl, Somali, Tigrinya, ak Vyetnamyen. [Description provided by NIOSH]
  • Subjects:
  • Keywords:
  • Publisher:
  • Document Type:
  • Genre:
  • Place as Subject:
  • CIO:
  • Division:
  • Topic:
  • Location:
  • Pages in Document:
    1
  • NIOSHTIC Number:
    nn:20060863
  • Citation:
    Atlanta, GA: Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini, Sèvis Sante Piblik, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay, 2020 Jen; :1
  • Federal Fiscal Year:
    2020
  • Peer Reviewed:
    False
  • Source Full Name:
    Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay
  • Collection(s):
  • Main Document Checksum:
    urn:sha-512:67ff3cb3cec6b5e17566f7415305dd9fe59945890e14b5230342157ebf7eaa5389c53fb244af03d075ece3d9abe2845d4928aa1be7012dd135bc6108c562f4b0
  • Download URL:
  • File Type:
    Filetype[PDF - 462.94 KB ]
File Language:
HaitianCreole
ON THIS PAGE

CDC STACKS serves as an archival repository of CDC-published products including scientific findings, journal articles, guidelines, recommendations, or other public health information authored or co-authored by CDC or funded partners.

As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.