Vaksen MMRV (Lawoujòl, Malmouton, Ribeyòl, ak Saranpyon): Sa Ou Bezwen Konnen [2021]
Supporting Files
Public Domain
-
08/06/2021
-
File Language:
HaitianCreole
Details
-
Alternative Title:MMRV Vaccine (Measles, Mumps, Rubella, and Varicella): What You Need to Know [2021] [Hatian Creole] ; Vaccine Information Statement: MMR Vaccine (Measles, Mumps, Rubella, and Varicella): What You Need to Know [2021]
-
Corporate Authors:
-
Description:A VIS oswa Vaccine Information Statement se yon dokiman CDC pwodui ki enfòme moun kap resevwa vaksen an - oswa paran yo oswa reprezantan legal yo - sou avantaj ak risk vaksen y ap resevwa a. Tout founisè vaksen, piblik oswa prive, oblije selon National Vaccine Childhood Injury Act (NCVIA - 42 U.S.C. § 300aa-26) pou bay pasyan an (oswa paran oswa reprezantan legal) VIS ki apwopriye a anvan chak dòz nan vaksen yo presize. VIS ki apwopriye a dwe bay anvan vaksinasyon an, e li dwe bay anvan chak dòz nan yon seri ki gen plizyè dòz. Yo dwe bay li san konsidere laj moun kap resevwa a: from https://www.cdc.gov/vaccines/hcp/about-vis/index.html.
Yo tradui VIS yo nan anviwon 40 lang. Ou ka jwenn yo sou sit entènèt patnè CDC a, https://www.immunize.org/vis/. Pa chak VIS tradui nan chak lang.
Poukisa pou w pran vaksen? Vaksen MMRV ka anpeche roujòl, lawoujòl, ribèl ak varisèl.
ROUJÒL (M) lakòz lafyèv, tous, nen k ap koule, ak je wouj ak dlo nan je, epi souvan yon gratèl k ap kouvri tout kò a parèt apre. Li ka lakòz kriz malkadi (souvan ak lafyèv), enfeksyon nan zòrèy, dyare, ak nemoni. Raraman, roujòl ka lakòz domaj nan sèvo oswa lanmò.
LAWOUJÒL (M) lakòz lafyèv, maltèt, doulè nan misk, fatig, pèdi apeti, ak glann saliv yo anba zòrèy yo ki vin anfle ak fè mal. Li ka lakòz soud, anflamasyon nan sèvo ak/oswa manbràn epinyè yo, anfle douloure nan tèstikil oswa nan ovè, epi - trè raman - lanmò.
RIBÈL (R) lakòz lafyèv, gòj fè mal, gratèl, maltèt, ak iritasyon nan je. Li ka lakòz atrit nan jiska mwatye nan fanm jèn ak fanm adilt yo. Si yon fanm trape ribèl pandan gwosès, li ka fè foskouch oswa tibebe a ka fèt ak malfòmasyon grav.
VARISÈL (V), yo rele "chickenpox" tou, lakòz yon gratèl ki bay demanjezon ansanm ak lafyèv, fatig, pèdi apeti, ak maltèt. Li ka lakòz enfeksyon po, nemoni, enflamasyon nan veso san, anflamasyon nan sèvo ak/oswa manbràn epinyè yo, ansanm ak enfeksyon nan san, nan zo, oswa nan jwenti. Gen kèk moun ki trape varisèl ap devlope plizyè ane pita yon gratèl ki bay gwo doulè yo rele "zòn" (shingles), ki rele herpes zoster tou.
Majorite moun ki pran vaksen MMRV ap pwoteje pou tout lavi. Vaksen yo ak gwo pousantaj vaksinasyon fè maladi sa yo vin pi ra nan Etazini.
-
Subjects:
-
Keywords:
-
Series:
-
Subseries:
-
Publisher:
-
Document Type:
-
Genre:
-
Place as Subject:
-
Rights:Public Domain
-
CIO:
-
Division:
-
Topic:
-
Location:
-
Pages in Document:2 pdf pages
-
Collection(s):
-
Main Document Checksum:urn:sha-512:7e7a92d21bd581d45db44c5e75ee0b6768534a8af87a12ca7566960298b3a6d11efa1f20c140267e5617f8f20fd5eaf1d3d055ce5c751bcdde8434d4da87ce8c
-
Download URL:
-
File Type:
File Language:
HaitianCreole
CDC STACKS serves as an archival repository of CDC-published products including
scientific findings,
journal articles, guidelines, recommendations, or other public health information authored or
co-authored by CDC or funded partners.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
You May Also Like
COLLECTION
Infectious Diseases