Vaksen kont MMR (Lawoujòl, Malmouton, ak Riberyòl): Sa ou Dwe Konnen [2021]
Multi-Language
Supporting Files
-
2021/08/06
-
File Language:
Details
-
Alternative Title:MMR Vaccine (Measles, Mumps, Rubella): What You Need to Know [2021] [Haitian Creole] ; Vaccine Information Statement: MMR Vaccine (Measles, Mumps, and Rubella): What You Need to Know [2021]
-
Corporate Authors:
-
Description:Yon VIS oswa Deklarasyon Enfòmasyon sou Vaksen se yon dokiman, ki pwodui pa CDC, ki enfòme moun ki resevwa vaksen yo – oswa paran yo oswa reprezantan legal yo – sou benefis ak risk yon vaksen yo ap resevwa. Tout founisè vaksen, piblik oswa prive, obligé dapre Lwa Nasyonal sou Domaj Vaksen pou Timoun (NCVIA – 42 U.S.C. § 300aa-26) pou bay VIS apwopriye a bay pasyan an (oswa paran oswa reprezantan legal) anvan chak dòz vaksen espesifik yo. VIS apwopriye a dwe bay anvan vaksinasyon an, epi dwe bay anvan chak dòz nan yon seri plizyè dòz. Li dwe bay kèlkeswa laj moun ki resevwa a: soti nan https://www.cdc.gov/vaccines/hcp/about-vis/index.html. VIS yo te tradui nan anviwon 40 lang. Yo ka jwenn yo sou sit entènèt patnè CDC a, https://www.immunize.org/vis/. Se pa tout VIS ki te tradui nan tout lang. Poukisa pou ou fè vaksen?Vaksen MMR ka anpeche lawoujòl, malmouton, ak ribeyòl.
LAWOUJÒL (L) koze lafyèv, tous, nen k ap koule, ak je wouj ak dlo. Ansuit, souvan gen yon bouton ki kouvri tout kò a. Li ka mennen nan kriz (souvan asosye ak lafyèv), enfeksyon zòrèy, dyare, ak nemoni. Nan ka ra, lawoujòl ka koze domaj nan sèvèl oswa lanmò.
MALMOUTON (M) koze lafyèv, mal tèt, doulè nan misk, fatig, pèdi apeti, ak glann saliv anfle ak sansib anba zòrèy yo. Li ka mennen nan surdite, anflamasyon nan sèvèl ak/oswa kouvèti kòd espinal la, anflamasyon doulourèz nan testikil oswa ovè yo, epi, trè raman, lanmò.
RIBEYÒL (R) koze lafyèv, gòj fè mal, bouton, mal tèt, ak iritasyon je. Li ka koze atrit nan jiska mwatye nan fi adolesan ak fi granmoun. Si yon fanm trape ribeyòl pandan li ansent, li ka fè yon foskouch, oswa tibebe a ka fèt ak gwo pwoblèm depi nan nesans.
Pifò moun ki resevwa vaksen MMR ap pwoteje pou tout lavi yo. Vaksen yo ak to vaksinasyon ki wo yo te fè maladi sa yo vin pi ra nan Etazini.
-
Subjects:
-
Keywords:
-
Series:
-
Subseries:
-
Publisher:
-
Document Type:
-
Funding:
-
Genre:
-
Place as Subject:
-
Rights:Public Domain
-
CIO:
-
Division:
-
Topic:
-
Location:
-
Pages in Document:2 pdf pages
-
Volume:2021
-
Collection(s):
-
Main Document Checksum:urn:sha-512:f6996b54d3734624b45848424f44cf55e239882bb90a0f5885f56daefcb77abb9bc90daeba7caf773065554aca78406b4a11b0ecea77608c55e7736650313b3e
-
Download URL:
-
File Type:
File Language:
ON THIS PAGE
CDC STACKS serves as an archival repository of CDC-published products including
scientific findings,
journal articles, guidelines, recommendations, or other public health information authored or
co-authored by CDC or funded partners.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
As a repository, CDC STACKS retains documents in their original published format to ensure public access to scientific information.
You May Also Like
COLLECTION
Infectious Diseases